Tuesday, November 28, 2023

Administrasyon Biden-Harris Anonse $2 Milya pou Finanse Sibvansyon pou Chanjman Kominotè pou Jistis Anviwònmantal ak Klimatik nan kad Pwogram Envestisman nan Amerik la

WASHINGTON — Jodi a, administrasyon Biden-Harris la te anonse gen apeprè $2 milya kòm finansman ki disponib pou sipòte pwojè kominotè ki deplwaye enèji pwòp, ranfòse rezilyans klimatik, ak bati kapasite pou kominote yo atake defi jistis anviwònmantal ak klimatik. Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwònmantal (EPA), Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a se sèl pi gwo envestisman nan jistis anviwònmantal nan listwa ki pral nan avantaj kominote yo dirèkteman, epi yo pral avanse ak efò kolaborasyon pou reyalize yon avni ki pi an sante, pi an sekirite, e ki pi pwospè pou tout moun. Finansman sa yo, ki se yon pati nan pwogram Prezidan Biden Envesti nan Amerik la, se Lwa sou Rediksyon Enflasyon Prezidan an ki rann yo posib—pi gwo envestisman nan enèji pwòp ak aksyon pou klima ki janm reyalize.

“Pandan tout vwayaj vizit mwen nan domèn jistis, mwen te tande rezidan yo ak defansè yo ki t ap mande resous pou sipòte solisyon lokal yo nan kominote ki neglije ak bliye depi lontan yo,” se sa Administratè EPA S. Regan te di. “Jodi a, gras ak angajman Prezidan Biden pou envesti nan kominote ki gen lontan depi y ap lite pou jwenn aksè ak finansman federal, n ap fè aksyon pou konkretize apèl sa yo. Finansman istorik e san parèy sa a gen pwomès pou transfòme zòn defavorize ak sichaje yo an zòn ki an sante, fleksib, ak kote kominote yo ap pwospere ni pou jenerasyon aktyèl yo ni pou pwochen jenerasyon yo.”

“Pandan vrèman twò lontan, yo te mete sou kote epi kite dèyè kominote ki te sibi dirèkteman konsekans polisyon santral elektrik ak endistriyèl yo,” selon sa John Podesta te di, ki se Konseye Prensipal Prezidan an pou Inovasyon ak Aplikasyon Enèji Pwòp. “Lwa sou Rediksyon Enflasyon ak inisyativ Justice40 Prezidan Biden nan chanje sa lè yo vini ak nouvo envestisman, enèji pwòp, ak travay ki peye byen nan kominote ki defavorize yo.”

“Prezidan Biden ap dirije yon efò ki enplike tout gouvènman an pou konfwonte enjistis anviwònmantal ak inegalite ki la depi lontan yo,” se sa Prezidan Konsèy Mezon Blanch sou Anviwònman an deklare. “Gras ak finansman istorik sa a ki kouvri anba Inisyativ Justice40 Prezidan an, n ap envesti nan solisyon lokal pou pote yon diferans pozitif pou kominote ki te soufri akoz polisyon, souzenvestisman, ak enpak anviwònmantal dispwopòsyonèl pandan plizyè dizèn ane. Envestisman tankou sa yo montre kijan n ap konkretize pwogram anbisye Prezidan an sou koze jistis anviwònmantal la ak angajman li pou konstwi kominote ki pi ekitab ak fleksib pou pwochen jenerasyon yo.”

Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a konkretize angajman istorik Prezidan Biden nan pou avanse ak ekite ak jistis, ki gen ladan Inisyativ Justice40 li an. Sibvansyon pou Chanjman Kominotè yo pral voye 100 pousan nan benefis pwogram sa a bay kominote defavorize yo ki majinalize akoz souzenvestisman ak twòp polisyon. Epitou, pwogram sa a dedye $200 milyon finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon an pou bay asistans teknik pou aplikan yo ak benefisyè sibvansyon yo, ki pral amelyore kapasite kominote defavorize yo pou jwenn aksè ak resous pou aktivite jistis anviwònmantal ak klimatik.

Aktivite ki dwe fèt anba sibvansyon yo dwe fè pati kategori sa yo:

  • Rezilyans ak adaptasyon klimatik.
  • Rediksyon risk sou klima ak sante ki lye ak kout chalè nan zile iben yo, nan moman chalè ekstrèm, ki lye ak emisyon ke chofaj ak bwa yo degaje yo, ak evènman ensandi forè.
  • Siveyans, prevansyon ak asenisman pou polisyon lè a ak lòt polisyon (ki enkli dlo ak dechè) ke kominote a ap jere.
  • Envestisman nan teknoloji ak enfrastrikti ki lye, ke emisyon yo ba oswa ki pa gen emisyon ditou.
  • Devlòpman mendèv ki sipòte rediksyon emisyon gaz ak lòt pwodui ki polye lè a.
  • Diminye lè toksik ak polisyon lè andedan kay.
  • Fasilite angajman kominote defavorize yo nan eta ak gwoup konsiltatif federal, atelye, elaborasyon règ, ak lòt pwosesis piblik yo.

Avi Opòtinite Finansman Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a (NOFO), ke Biwo Jistis Anviwònmantal ak Dwa Sivil Ekstèn (OEJECR) administre, gen plizyè karakteristik inik pou avanse ak jistis anviwònmantal ak klimatik la, anpil nan yo reponn ak kòmantè ak opinyon ajans lan te rekòlte nan men kominote yo. Men sa yo enkli: 

  • Aplikasyon pa Woulman: NOFO pral louvri pou yon lane, l ap fèmen nan dat 21 novanm 2024, epi EPA pral revize aplikasyon yo sou yon baz woulman. Sa pèmèt aplikan yo itilize asistans teknik epi pètèt resoumèt yon nouvo aplikasyon si yo pa seleksyone oparavan. EPA ankouraje aplikan yo pou aplike pi bonè ke posib.
  • Pwosesis Soumisyon Sou de Nivo: Nou ka soumèt aplikasyon yo selon de nivo endepandan toudepan etandi pwojè a ak finansman ke sa mande.
    • Nivo I, Envestisman Kominotè pou Chanjman, ta dwe akòde apeprè $1.96 milya pou 150 pwojè ak $10-20 milyon pou chak.
    • Nivo II, Angajman siyifikatif pou Gouvènans Ekitab, espere bay apeprè $40 milyon dola pou 20 pwojè ak $1-3 milyon chak.
  • Prezantasyon Oral: Aplikan nan Nivo I yo ka jwenn envitasyon pou yo patisipe nan yon prezantasyon oral tou. Prezantasyon oral sa yo pral pèmèt moun k ap revize nan EPA yo tande aplikan yo ak patnè yo dirèkteman pou yo aprann konn plis sou priyorite kominote yo, rezilta yo espere, ak plan pou dirabilite alontèm. Nouvo fòma sa a reponn ak demann kominote yo pou yo angaje yo ak EPA nan fason ki pi aksesib.
  • Zòn Envestisman Sib: Andeyò $2 milya finansman an, EPA te idantifye senk Zòn Envestisman Sib (TIA) pou ede asire ke kominote ki genyen sikonstans, jewografi, ak bezwen inik yo ka angaje yo nan konpetisyon pou yo jwenn finansman. Zòn yo se:
    • Tribi nan Alaska: $150 milyon pou pwojè ke se Tribi Endyen nan Alaska yo k ap benefisye yo ki gen ladan lajan pou netwaye tè ki kontamine yo.
    • Tribi yo: $300 milyon pou pwojè ke se kominote Tribal yo k ap benefisye yo nan lòt eta yo. 
    • Teritwa yo: $50 milyon pou pwojè ke se kominote ki defavorize nan teritwa Etazini yo nan Pòtoriko, Zile Vyèj yo, Guam, Samoa ameriken, ak Zile nan Nò Mariana k ap benefisye yo.
    • Kominote Defavorize ki pa Enkòpore: $50 milyon pou pwojè ke se zòn riral ak ti zòn ki manke limit jewografik fiks, ki detèmine legalman k ap benefisye yo, tankou Colonias.
    • Kominote ki sou Fwontyè Sid Etazini yo: Konfòmeman avèk angajman alontèm EPA a pou leve defi ki lye ak polisyon transfontalye yo, $100 milyon pou pwojè k ap nan avantaj kominote defavorize ki pa Tribal yo ki sitiye nan espas 100 kilomèt nan nò fwontyè Etaznini ak Meksik yo.
  • Asistans Teknik: $200 milyon pou asistans teknik ki disponib lan se repons dirèk ak kòmantè ki soti nan kominote yo ak nan men lidè pou jistis anviwònmantal yo ki gen lontan depi y ap mande sipò pou ranfòsman kapasite pou kominote yo ak patnè yo pandan y ap travay pou yo jwenn aksè ak resous federal ki esansyèl yo. Avèk finansman sa a, gen de pwogram TA ki dedye ak Sibvansyon pou Chanjman Kominotè yo. Aplikan yo ka aprann plis sou, epi eksprime enterè yo sou, asistans teknik lan sou paj entènèt Asistans Teknik pou Sibvansyon pou Chanjman Kominotè EPA yo.

Li Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a NOFO.

OEJECR pral òganize tou, divès webinè enfòmasyonèl pandan NOFO a louvri, ak premye an k ap fèt nan dat 7 desanm 2023. Webinè sa yo pral reponn ak kesyon yo, e kèk nan yo ka fasilite fòmasyon patenarya ak pataj enfòmasyon yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwochen webinè yo sou sit entènèt Lwa sou Rediksyon Enflasyon EPA a sou Pwogram Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a.

Aprann konnen plis sou jistis anviwònmantal nan EPA

Aprann konnen plis sou finansman Rediksyon Enflasyon nan EPA

Pou enfòmasyon ki ajou sou NOFO a, ki enkli enfòmasyon sou webinè yo, abòne ak lis Biwo pou Jistis Anviwònmantal ak Dwa Sivil Ekstèn nan lè ou voye yon imèl vid bay: join-epa-ej@lists.epa.gov. Swiv OEJECR sou X (ansyen Twitter): @EPAEnvJustice.

Kontèks

Lwa sou Rediksyon Enflasyon (IRA) te kreye Pwogram pou Jistis Anviwònmantal ak Klimatik, ki se pi gwo envestisman nan jistis anviwònmantal ak klimatik nan istwa Etazini lè Prezidan Biden te siyen li nan dat 16 out 2022. Anba pwogram sa a, EPA te bay $3 milya pou akòde sibvansyon ak finansman ki gen rapò ak asistans teknik nan avantaj kominote ki defavorize yo. 

Nan kòmansman ane 2023, EPA te pibliye yon Demann pou Enfòmasyon, li te òganize yon konsiltasyon espesifik ak Konsèy Konsiltatif pou Jistis anviwònmantal Nasyonal EPA a, epi anime divès webinè pou jwenn opinyon piblik sou estrateji inovatè ak apwòch pou konpetisyon pou konsepsyon, angajman kominotè, distribisyon ekitab resous finansye, elijibilite benefisyè yo pou jwenn finansman, ranfòsman kapasite ak sansibilizasyon, ak plis ankò. Kòmantè sa yo te enpòtan anpil pou kreyasyon eleman kle Sibvansyon pou Chanjman Kominotè a ak NOFO sa a, ki enkli Zòn Envestisman Sib yo, ki entegre prezantasyon oral yo, peryòd aplikasyon pa woulman an, ak plis ankò. EPA remèsye tout moun pou tan ak kontribisyon yo ki presye anpil, ki pèmèt kreyasyon yon pwogram sibvansyon ki pi enklizif ak aksesib.



from EPA News Releases https://ift.tt/SJTjG3x